Enstriksyon pou Aktivasyon Bank Mobil Eastern

Avan ou kòmanse, tanpri asire w ou efase aplikasyon labank HarborOne nan. Ou p ap kapab itilize aplikasyon HarborOne nan ankò pou w fè aktivite bank mobil. Itilize lyen sa yo pou w telechaje aplikasyon bank mobil Eastern Bank lan epi suiv enstriksyon anba yo pou w aktive li.

Aparèy iPhone | Android

 

1. Lè ou fin telechaje aplikasyon mobil la, klike sou "I'm arriving from HarborOne Bank". (Mwen soti nan HarborOne Bank).

 

 

2. Mete enfòmasyon ou yo disponib:

  • Non itilizatè HarborOne Bank lan
  • 4 dènye chif nan nimewo sekirite sosyal ou
  • Kòd postal

Klike sou "Continue" (Kontinye).

 

 

3. Koche ti kare a pou w konfime ou te li konsantman sa a epi ou konprann li. Klike sou "Continue" (Kontinye).

 

 

 

4. Koche ti kare a pou w konfime ou te revize Akò pou Sèvis Bank Anliy a Bank Mobil la. Klike sou "Continue" (Kontinye)

 

 

5. Mete enfòmasyon ou yo epi klike sou "Continue" (Kontinye).

 

 

6. Nou lap voye yon kòd 6 chif sou nimewo telefòn nou genyen nan dosye ou. Antre kòd la a epi klike sou "Continue" (Kontinye).

 

 

7. Kreye modpas ou epi klike sou "Submit" (Soumèt).

Men ki jan modpas ou a dwe ye:

  • Li dwe genyen 8 a 30 karaktè
  • Li dwe genyen omwen 3 nan bagay sa yo: lèt majiskil, lèt miniskil, chif, karaktè espesyal !@#$%^&*()-
  • Li pa dwe non itilizatè w ni imèl ou
  • Li pa dwe genyen espas

 

 

8. Ou lap resevwa yon mesaj ki konfime ou kapab kòmanse fè aktivite labank anliy avèk nouvo idantifyan koneksyon ou yo.

 

 

9. Ou ap rive sou ekran Koneksyon an pou w konekte avèk non itilizatè w la ak nouvo modpas ou a.