Byenveini nan Eastern Bank. Kont HarborOne ou an transfere nan Eastern Bank. Si ou poko konekte nan Sèvis Bank Mobil ak Sèvis Bank Anliy Eastern nan, pa gen pwoblèm. Nou kapab ede w kòmanse. Tanpri swiv etap ki anba yo.
Si w ap chèche enstriksyon pou w konekte sou aplikasyon mobil Eastern Bank lan, klike la a.
Para ver estas instrucciones en español, haga clic aquí.
Para visualizar estas instruções em português, clique aqui.
To see these instructions in English, click here.
1. Ale sou EasternBank.com epi klike sou bouton "Activate" (Aktive).
2. Mete enfòmasyon ou yo disponib (non itilizatè HarborOne Bank lan, kat dènye chif nan nimewo sekirite sosyal ou ak kòd postal ou). Klike sou "Continue" (Kontinye).
3. Koche ti kare a pou w konfime ou te li konsantman sa a epi ou konprann li. Klike sou "Continue" (Kontinye).
4. Koche ti kare a pou w konfime ou te revize Akò pou Sèvis Bank Anliy ak Bank Mobil la. Klike sou "Continue" (Continue).
5. Met enfòmasyon ou yo epi klike sou "Continue" (Kontinye).
6. Nou pral voye yon kòd 6 chif sou nimewo telefòn nou gen nan dosye ou. Antre nimewo a epi klike sou Kontinye (Continue).
7. Kreye modpas ou epi klike sou "Submit" (Soumèt).
Men ki jan modpas ou a dwe ye:
- Li dwe genyen 8 a 30 karaktè
- Li dwe genyen omwen 3 nan bagay sa yo: lèt majiskil, lèt miniskil, chif, karaktè espesyal !@#$%^&*()-
- Li pa dwe non itilizatè w ni imèl ou
- Li pa dwe genyen espas
8. Ou lap resevwa yon mesaj ki konfime ou kapab kòmanse fè aktivite labank anliy avèk nouvo idantifyan koneksyon ou ayo.
Ou ap rive sou paj dakèy EasternBank.com nan pou w konekte avèk nouvo non itilizatè w la ak modpas ou a.